Fwa sa a nou pap ka monte sou sèn
02 juin 2020
Mitelson Maccéan, 18 an, se yon atis ki frekante Pyepoudre lokal kote Paula Clermont Péan fòme pepinyè atis pou teyat nan Pòtoprens. Paula Clermont Péan se youn nan atis Mitelson renmen anpil. Lanmou sa pouse l imajine yon fiksyon: “Fwa sa nou pap monte sou sèn”. Li dedye madan Péan tèks la. Pou Mitelson rive ekri, li enskri tèt li nan klèb Jeunes Auteurs Haïtiens (JAH) ki fonksyone nan lokal Pyepoudre sou wout Boudon. JAH ki ankadre jèn nan zafè ekri ap mache sou direksyon Valérie Payen Jean Baptiste ki jwenn asistans David Jean Louis. Fiksyon nou pra l li a chita sou kowonaviris, yon dram nan lavi yon jèn ki renmen jwe teyat, ki renmen kontak ak piblik. Men jodi a li oblije chita lakay li. Rèv li se patisipe ak tèks sa an fòma videyo nan Kenzèn Liv an foli k ap fèt an mòd vityèl.